Accueil > Actualités > Komemorasyon 85yèm anivèsè nesans Jak Stefèn Aleksi.
Komemorasyon 85yèm anivèsè nesans Jak Stefèn Aleksi.
lundi 21 mai 2007
Responsab Sant Dokimantasyon Jacques Stephen Alexis salye w nan non « Konpè Jeneral Solèy ». Nou vin raple w « 22 Avril 2007 la pral fè 85 lane depi Jacques StephenAlexis te fèt. Pou komemore 85yèm anivèsè sa a, Sant lan envite w nan :
1. Yon semèn pòt louvri soti lendi 16 rive samdi 21.
2. Sinema ak deba sou fim « Gouvènè Lawouze » samdi 21, a 3è apremidi.
3. Konferans deba dimanch 22 Avril 9è nan maten, Dèlma 3 # 60. Tèm konferans lan “Jaques Roumain ak Jacques Stephen Alexis, 2 jèn militan ki make listwa lagoch Ayisyèn pandan 20yèm syèk la. Ki leson jèn jodi a kapab tire nan konba jèn ayè yo te mennen, pou fòme yon lòt jenerasyon militan degoch Ayisyen, pou yon Ayiti sosyalis “ ?